Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
J.k.Sromancier.overblog.com

Un espace pour m'évader à travers mes textes et mes poemes!!!

Map diw

Publié le 10 Août 2015 par Jeusch Kyky Salomon in poésie

mapdiw
mapdiw

Map konte jou
Pou’m we limyè je’w klere
Map kontwole lè’l fèjou
Pou’m al chache kote’w ye

Ma’p veye lè bouch ou louvri
Pou’m ka pwoteje sa wap di
Si’w pap pote gerizon pou sa’m santi
Bò kote’w lanmou’m pap soufri

M’ap veye lè solèy la kouche
Pou’m al ranje kabann mwen nan pye’w
Se la m’santi’m byen ,anba tete’w
Pou’m veye lèt kap tonbe, w mèt kwè’m m’pap divage

Maten, midi ak swa
Tibouch ou, ladan’l m’ta renmen manje chak fwa
Bote’w ak sansibilite’w pou mw se lespwa
Makònen sou kò’w, se verite m’pa gen lòt chwa

M’ta renmen genyen yon sèl don
San manti, poum te ka arete letan
M’konnen’w pral di’m pedan
Men nan bra’w m’vle rete tout tan tankou de tipijon

Lè’m al dòmi m’vle pou tout rèv mwen sanble avè’w
Lè’m reveye menm si’w pa la pou’w deja nan kè’m
M’paka pase yon jounen sanm pa wè’w
Se wè pouw ta wè jan lespri’m fennen tankou yon limyè ki blèm

M’ap monte nan syèl al wè Bondye
Mandel beni vi nou, ansan’m pou’n vi’n vye
Poul banm pouvwa poum ka invante mo ki nouvo
Pou’m ka montre’w pou ou lòt nèg yo pa gen nivo

Pou nou, menm kipidon ap bat bravo
Lè’l wè janm byen tretew, janm leve’w wo
Nan vokabilè’m genyen yon sèl espresyon
Renmen’w chak jou avèk plis pasyon

Ou pa yon rèn, men nan vi’m pou ou m’drese yon lotel
Ou se deyès kè’m, gad nan nan’m mwen wap wè’l
Pou ou mpa gen sekrè, ou ban’m yon pouvwa ki sinatirèl
Lè’m avè’w tout lòt bagay yo sipèfisyèl

Ou pa bezwen chache pilwen
Pou nou pa gen lòt desten
Mwen avè’w kap viv men nan men
Nan yon paradi pou’n gad timoun yo k’ap grandi demen.


JKSalomon!!!

Commenter cet article