Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
J.k.Sromancier.overblog.com

Un espace pour m'évader à travers mes textes et mes poemes!!!

Ann pale

Publié le 8 Décembre 2016 par Jeusch Kyky Salomon in POESIE

Lèm pale 
Kiyès kap tande
Si lanati desole
Eske se sèl zwazo yo ki pap repoze?

Lèw gade’m 
M wè ak kisam sanble
Ou pap ka dekouraje’m
Fòk lavim dekole

Pa vin dim pa kriye
Andedanm,wpa konn sa map andire
Dlo nan zyem se sa ki fyète’m
Lè trayizon fin pot tout kè kontanm ale

Ou ka di lavim difisil
Kisaw fè pouw rann li pi fasil ?
Bobin fisèl pa zanmi ak fil akoud
Gad kijan sosyete nou an fin dekoud

Li lè li tan poun aprann pale denou
Tijak sispann wè sèlman tèt ou
Ann gen yon lòt diskou
Pou tyovi yo ka grandi nan yon pi bon lakou

Li lè poun pale de tout sa ki dwe chanje
Pou peyi sa sispann dòmi nan malpwòpte
Reflechi sou ki patrimwàn nou ka kite
Pou generasyon dèyè yo pa «je pete klere »

Kraze brize, se sa yo nou donnen
Eske jodia ayisyen plante zam nan jaden ?
Msezi wè « koupe tèt boule kay » tounen refren
Kote « men anpil chay palou » ta dwe montre nou renmen

Zansèt yo te fè milwisankat
Pou jodia Ayiti pat tounen bouchri
Malerezman se yon timinorite bouch kap ri
Pandan yap gade nan men pèp la las kap mare kat

Batay la fèk kòmanse
Kijan n pral fè poun chanje mantalite
Pou peyi saa vin indistriyalize
Ki kote nap soti… ki kote nap rive ?

Lè dife leve
Ou mèt kwèm lap fè lafimen
Ayiti pou ayisyen nou pa dwe ret zye fèmen
Avni peyi a nan men nou, ayisyen fòk nou kanpe.

Annpale

JKSalomon 
Rekèy la dèyè #Ankreyòl

Commenter cet article