Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
J.k.Sromancier.overblog.com

Un espace pour m'évader à travers mes textes et mes poemes!!!

AN KREYOL

Publié le 26 Janvier 2014 par Jeusch Kyky Salomon in poesie kreyol

AN KREYOL

mwen aprann pale an kreyòl
gen moun ki di lang sa dwòl
Paske li gen twòp parabòl
Yo pa janm fin n konprann tout pawòl

Lè map koze ak fanm
Fransè mare pye m
Mwen ranmase fyètem
Mwen pale nan lang manmanm

Nou paka dil pa bèl
Se avèl zansèt yo te bati sitadèl
Lè n wè yon fanm ki gen bèl fòm
Nou pa pale lòt pawòl « wouch fanm sa anfòm »

Nou imilyel nou di li pa sosyab
Poutan tout etranje vle konn palel podyab
Nou bliye sil nan kilti nou
Epi nou tout vle pwoteje patri nou

Nou tout pa pale fransè
Men chak grenn ayisyen pale kreyòl
li enpòtan pou n konn pale anglè ak panyòl
pabliye kilti n se sèl mwayen pou n mache tèt anlè

J.K.S

Commenter cet article