Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
J.k.Sromancier.overblog.com

Un espace pour m'évader à travers mes textes et mes poemes!!!

An kreyol

Publié le 24 Septembre 2016 par Jeusch Kyky Salomon in pwezi kreyol

ankreyol
ankreyol

Siw krache anlè
Lap tounen tonbe nan jew
Si lè wap mache wap gad dèyè
Wap frape zòtèy pyew

Siw anchennen lespriw
Lap anpeche nanm ou vole
Si sak nan tèt ou a nwiw
Chache konnen sak verite

Si lavia diw li pa renmenw
Chache konnen sak fe lap trennenw
Li pa pote anyen men li vle mennenw
Se ou ki pou chwazi sak bon nan menw

Si zòt diw pap rive
Men eskel konn kotew prale?
Li pat mache avèw lèw te derape
Kounyea lap di gade lèw paske w ap avanse

Si malgrew depoze zam
Lapè toujou sou zòd tonton sam
Li bay souverènte yon lèt blam
Pou endepandans ka rete nan manje lam
...

JKSalomon!!!

Commenter cet article